Jou a rive! Jedi 11 jen an, Mondyal 2026 la — pi gwo Koup du Monn nan listwa ak 48 seleksyon ak 104 match — kòmanse ofisyèlman nan Estad Azteca, Vil Meksiko, ak seremoni ouvèti a ansanm ak match Meksik kont Afrik di Sid pou Gwoup A a. Se 39 jou foutbòl k ap fini 19 jiyè ak gran final la nan New Jersey.
E Ayiti, ki lè?
Grenadye yo gen randevou istorik yo samdi 13 jen, a 21:00 (lè ET), kont Ekòs nan Boston. Se premye match Ayiti nan yon Koup du Monn depi 1974 — yon moman tout yon pèp ap tann depi 52 lane.
- › Samdi 13 jen · Ayiti vs Ekòs · Boston · 21:00 ET
- › Vandredi 19 jen · Ayiti vs Maròk · Filadèlfi · 21:00 ET
- › Mèkredi 24 jen · Ayiti vs Brezil · Atlanta · 18:00 ET
De jou pou prepare kè a
Antrenè Sébastien Migné fin prepare 26 Grenadier li yo. Duckens Nazon, pi gwo bonbadye nan listwa seleksyon an, ap mennen atak la; Johnny Placide ap veye kan an. Objektif premye match la klè: montre planèt la Ayiti pa vin nan Mondyal la pou fè figi — e ki konnen, pran yon rezilta kont Ekòs anvan gwo basèl Gwoup C yo: Brezil ak Maròk.